image
Sèvis Lasante

Nan Fondasyon TAR

Nou pran angajman pou amelyore kondisyon sante ak byennèt timoun yo ak kominote a nan yon seri kanpay pou lasante. Nou kwè sante se yon dwa fondamantal e tout moun dwe jwenn bon jan swen kèlkeswa kote yo ye a. Pou objektif sila ka rive bout, nou planifye ofri plizyè sèvis sante esansyèl, sa gen ladan l òganize klinik mobil pou rive jwenn moun ki nan zòn ki pi lwen yo.

Klinik Mobil

Objektif Nou

Fè egzamen medikal ak bay premye swen

Bay Vaksen pou pwoteje kont maladi tout moun ka trape yo.

Bay medikaman esansyèl pou trètman maladi pifò moun konn genyen yo.

image
Edikasyon ak Konsèy

Sensibilize kominote a sou pratik sante .

Lè nou koute timoun yo, nou montre ke nou apresye yo epi ke sa yo di gen enpòtans. Koute yo ak atansyon ede nou konprann sa yo bezwen, rèv yo, ak kèlkeswa sa ki ap domine yo.

Timoun yo bezwen konnen ke yo gen moun ki kanpe bò kote yo pou sipòte yo nan tout etap nan lavi yo. Nou degaje n pou yo jwenn zouti ki nesesè pou yo reyisi.

Lanmou nou pou timoun yo reflete nan angajman nou pran chak jou pou kreye yon anviwònman kote yo ka briye.