F o n d a s y o n T A R

1e r lancement clinique mobile de Moriso

KLiNIK MOBIL

Nan dat ki te 15 Jen 2024 la te genyen nan 4èm seksyon kominal
(depatman Nip) lan yon kanpay pou lasante ansanm avèk timoun yo nan
kominote a ki te òganize par FONDASYON TAR. Tching Adams Réjouis
sou non popilè li ki se TAR te genyen yon ekip avèk li pou mennen
aktivite sila a ki soti dirèkteman nan ALLIANCE POLYCLINIQUE DE
MORISSEAU L’ASILE. Travay san pran souf Dr. Saumais mele avèk Miss
Lenord,Miss Alexandre te pèmèt aktivite sila a tounen yon reyisit. Kote
nou te rive wè nan yon sèl jounen 48 timoun e voye yo ale lakay yo avèk
medikaman nesesè apre konsiltasyon yo.
Jounen an te vrèman mouvmante akoz abitan yo te reponn prezan e
sitou yo te vini plis ke sa n te espere e se te yon plezi pou nou sèvi
timoun yo kòm sa dwa. Nan lanmou. Respè ak lajwa.
San nou pa bliye aktivite sila a ap kontinye pandan tout lanne a e nou
pare pou nou ale sèvi lòt zòn vwazen yo kote timoun yo bezwen asistans
sante plis ke sa li te ka parèt. Nan sousi pou nou leve yon jenerasyon
fò,ekilibre. FONDASYON TAR kanpe pou li pale nan non sak paka pale.
E aji nan non sa ki paka aji.

Angajman nou anvè
kominote nou

Kominote nou se fòs peyi a

Yon bon kominote baze sou yon pilye prensipal ki se
ankadreman timoun kap grandi yo nan tout sans.
Nan nenpòt fason,yon kominote ekilibre se yon kominote ki valorize timoun. Kidonk epanouyisman timoun,byenèt timoun,kanalizasyon timoun,edikasyon timoun,e sante timoun. Nan demach pou nou sèvi kominote nou. Nou dwe sèvi timoun yo dabò. Konprann enpòtans yo ak wòl yo nan nouvo Ayiti a. Fòme yo ak yon santiman kote yo santi yo
konte pou paran yo. Fanmi yo. Pou tèt yo. E sitou pou peyi yo. Mache jwenn yo se yon obligasyon. Ki pral pote fwi li pi devan. Lè se yo ki pral pran desizyon pou nasyon an. Se baz yo kap raple yo kisa yo dwe tèt yo kòm sitwayen Ayisyen e Ayisyèn. Alòs yo bezwen yon travay RASIN. Yon
ankadreman ak yon asistans ki san parèy. Konsa na va rive jwenn yon jenerasyon byen konstwi. Pou mennen pèp li nan limyè paske yo se demen

Fondasyon
TAR

Par : Tching Adams Réjouis                     Vodouvi pou AYITI

Tching Adams Réjouis

Related Posts

Post a comment

Your email address will not be published.