KIYÈS NOU YE?

Nou se Fondasyon Tar

Nou se yon òganizasyon ki vize pwogrè lakay timoun nou yo,nou espesyalize nan aktivite kominotè e nou ede timoun yo pou yo kapab jwenn yon demen miyò nan mete a dispozisyon yo bon jan debouche pou akonpànye yo nan evolisyon yo.

"Chak timoun se yon bijou presye ki merite tout atansyon ak lanmou pou briye nan monn lan".

image
Nan chak timoun gen yon trezò kache

Nou se yon òganizasyon ki vize pwogrè lakay timoun nou yo,nou espesyalize nan aktivite kominotè e nou ede timoun yo pou yo kapab jwenn yon demen miyò nan mete a dispozisyon yo bon jan debouche pou akonpànye yo nan evolisyon yo.

Vizyon nou se wè jenerasyon kap boujonnen yo jwenn mwayen pou devlope tèt yo depi nan piti pou nou kapab jwenn sitwayen kap pote bon rezilta nan granmoun, e pou sa nou sipoze mache kontre ak talan yo e ak potansyèl kache yo.

Objektif nou se rasanble tout moun ki gen ponyèt e ki kapab ede nou sove zanfan yo nan yon sèl demach ki se pote kole pou chanje kondisyon vi tchovi nou yo paske yo se demen.

Pouki Rezon Pou Ede Timoun Yo

Paske chak timoun se yon trezò.

Edikasyon se kle pou tout devlopman. Lè nou ede timoun yo gen aksè a bon jan edikasyon, nou ofri yo zouti ki nesesè pou yo reyisi nan lavi. Edikasyon louvri pòt opòtinite ak prepare yo pou yo fè fas ak defi lavi a.

Sipò emosyonèl ak sosyal enpòtan anpil nan devlopman yon timoun. Lè nou bay timoun yo lanmou, atansyon, ak anviwonman ki soutni yo, nou ede yo devlope konfyans nan tèt yo ak kapasite pou yo bati relasyon pozitif ak lòt moun.

Moun ki chwazi akonpanye nou

Gras a sipò ak patenarya yo, nou kapab kontinye fè yon diferans nan lavi moun ak devlopman kominote.

Manager Head

Offer resources for continuous learning and skill development, including online courses, workshops.

General Manager

Provide tips, articles, or expert advice on maintaining a healthy work-life balance, managing stress.

Volunteer

Workshops or seminars on organizational development strategies, succession planning.

Senior Manager

Share ideas for team-building exercises, icebreakers, and retreats to help managers foster strong.

Poukisa ou ta dwe angaje w ak sipòte travay la?

Chak fwa ou bay yon bagay se yon bann vi ou sove.

200+
Timoun n ap ede
2+
Patnè
3+
pwojè
10+
Volontè
Temwanyaj

Kisa moun sa yo panse de nou.

image
Kouman Ou Ka Ede nou?
Bay kontribisyon

Chak kontribisyon finansye ede nou reyalize misyon nou pou bay timoun yo pi bon chans nan lavi. Don w yo sèvi pou sipòte pwogram edikatif, aktivite kiltirèl, ak fòmasyon pwofesyonèl.

icon
Agajew tout bon
Patisipe Nan Aktivite Kominotè

Angajman w nan aktivite kominotè nou yo ap fè yon gwo diferans. Vin volontè, patisipe nan evènman, oswa ede nou ak inisyativ lokal yo.

icon
Siw paka bay pataje mesaj la.
Ede Pataje Mesaj La

Fè konesans avèk misyon nou an ak bezwen timoun yo atravè rezo sosyal ou yo. Chak moun ou enfòme kapab vin yon alye pou timoun yo.

icon
Pa bliye, yon jès senp ka chanje yon lavi pou toutan.
Ansanm, ann mete men pou bati yon avni pi klere pou timoun nou yo!

Avèk kontribisyon w, nou ka kreye yon mond kote chak timoun gen chans pou reyalize rèv yo.