image
Pwogram Edikatif Pou Timoun

Nan Fondasyon Tar

Nou kwè ke ledikasyon se kle pou devlopman pèsonèl ak sosyal. Se rezon sila ki te fè nou pran angajman pou bay kominote a ak timoun yo posiblite jwenn bon jan ledikasyon ki pou prepare yo pou yon demen miyò. Pwogram edikatif nou gen pou objektif, amelyore konesans, konpetans, ak valè timoun yo pandan n ap bay sipò n ak fòmasyon pou paran yo.

Objektif Nou

Se kreye yon kominote ki gen bon jan Ledikasyon ak Preparasyon pou Demen.

Nou òganize atelye ak aktivite apre lekòl ki vize devlopman konpetans pratik ak kreyatif timoun yo. Panyen aktivite sila gen ladan l, atizana, mizik, syans, ak teknoloji pou ankouraje timoun yo.

Nou mete yon aksan espesyal sou enpòtans kilti ak istwa nan devlopman pèsonèl timoun yo. Nou bay atelye ki ansenye kilti Ayisyen an, tankou Vodou, mizik, dans, ak Tire kont ak pale langay. Nou kwè ke konpreyansyon ak respè pou rasin kiltirèl yo ede timoun yo bati yon idantite fò ak fyète nan eritaj yo.

Nou ofri pwogram nan objektif pou ede timoun yo devlope tèt yo. Aktivite sa yo ede timoun yo devlope kapasite pou yo jere sa yo santi, pran desizyon pozitif, bati bon jan relasyon ak lòt. E yo genyen ladan yo kèk lòt tèm tankou kapasite pou yo dirije ( Lidèchip), ak konfyans nan tèt yo.

image
Fondasyon Tar

nan angajman nou pran chak jou

Objektif nou se kreye yon kominote ki genyen bon jan Ledikasyon ak Preparasyon pou demen. Nou vle asire nou ke chak timoun jwenn bon jan Ledikasyon ki prepare yo pou lavi ak kèlkeswa sa yo ta vle ye demen.

Nou pran angajman pou bay tout timoun ak paran yo tout zouti ki nesesè pou yo reyisi. Gras ak sipò w ak patisyon w, nou ka fè yon gwo diferans nan lavi timoun yo ak avni kominote nou an.

Ansanm, ann kontinye bati yon sosyete ki renmen, sipòte, ak ankouraje chak timoun pou yo reyalize tout potansyèl yo. Avni yo se avni nou, e lanmou nou pou yo se fondasyon siksè yo.